Se yon wont nasyonal lè nap fè eko avek 28 juyè 2015, ki make 100 lane okipasyon blan meriken.
Lè nou ap gade kondisyon la vi moun an Ayiti e se nou ki la koz sitiasyon sila, nan movèz jesyon peyi a. Lè nou ap gade tè Dessalines nan ke nou souyè pa avaris.
Nou pa janm satisfè menm lé gòzye ranpli ap jete nan ramase toujou, anba je popilasyon an ki pa janm konnen, ki sa byenèt vle di. Pa gen dlo, pa gen kouran, pa gen wout, pa gen latrin nou tout aryè peyi a, yon ti plan men.
Mas pèp fèt nan grangou, li leve nan grangou e lap mouri nan grangou, se yon wont li te dwe ye pou nou tout, lè je etranje a, ap benyen sou mizè nou, e li menm tout ap profite de sitiasyon kraz e mizerab la, pou li fè kòb sou dò yo.
Diferans la two evidan, li paka kontinye konsa fok sa chanje.
Jan nou pati la' nan 2115, nap toujou gen blan, ki ap la pou dikte nou kondwit nou toujou, si se pa kareman nap disparèt kom pèp.
Yon rayi lòt, nou refize separe, gen yon kap vini lap pran tout.
Lè map swi konpòtman nou, mwen trouve nou lèd anpil, souvan mwen mande, si nou pa kont wont.
Lè nou ap manje sou frè ak sè nou yo, ki imen tankou nou. Soufrans moun pa di nou anyen.
Lè yon pèp rive nan eta densousians sa'a, li pa yon nasyon, li pèdi tout trip li.
Nou se yon pèp san vi, nou pa gen idantite, se yon bann moun ki pataje yon bout tè, menm jan noua bite twadwi sans patriotik nou.
Chak ap preche pou pawas yo, kolektivite a pa di nou preskanyen.
Nou bezwen yon lidè jodia, tankou :
Etienne Elie Gerin ; Nicolas Géfrad ; Etienne Magny ; Boisrond Tonnerre ; Toussaint Louverture ; Jean Jacques Dessalines ; Alexandre Pétion ; Henry Christophe ; François Capois (La mort) Louis Daure Lamatinière ; Louis Laurent Bazelais ; Marion ; Henry Christophe ;
Moun ki te nan dimansyon pou yo te wè peyi.
Divizyon, avaris, fè nou ap pase peyi nou an anba pye tout fatra.
Eleksyon nan yon peyi se yon bagay ki lye ak souverènte l, ki sa, kite gentan genla, pou nou pat fè yo gro sansibilizasyon nasyonal angaje popilasyon an.
Tout etidian yo tap patisipe. ki sa kite gentan gen la’a, pou yo pat enprime bilten yo nan peyi ya, se yon machin ke yon vann.
Rega obsèvatè vle di nou pa moun, nou se yon kategori a pa, fok yo siveye nou, se mesaj sa’a nou voye bay etranje yo, yo konnen envitew lakay yo pou mandew èd. Yo sivilize e nou se bèt. Nou janm mande tèt nou koman yo gade nou.
Men yon jou, nan jou, ap gen yon vrè lidè ki ap emèje, li ap pote la pè e inion san demagoji, san kraze brize e nou tout va rekomanse renmen peyi nou. Move zangui yo va kalme, paske nan linion an yap pèdi règn yo.
Yon jou, nan jou, foumi va pote nouvèl ban mwen, Ayiti va fleri ankò.
Nou paka di viv lè nap prone divizyon, hèn, krim.
Nou paka di viv lè nap kraze eritaj, sa ki gen pou vini yo.
Nou paka di viv paske yon, pa renmen lòt e se nou tout ki fè Ayiti.
Nyrvah Florens Bruno
https://www.facebook.com/photo.php?fbid=10152984493021806&set=a.59856086805.81484.723001805&type=1&theater