CROIX-DES-BOUQUETS

Nyrvah Florens BRUNO, President du Conseil Communal de la Croix-des-Bouquets , OCTOBRE 2013 à OCTOBRE 2014

mercredi 29 juillet 2015

De 1915 a 2015 vers 2115, kote nou prale

De 1915 a 2015 vers 2115, kote nou prale
Se yon wont nasyonal lè nap fè eko avek 28 juyè 2015, ki make 100 lane okipasyon blan meriken.
Lè nou ap gade kondisyon la vi moun an Ayiti e se nou ki la koz sitiasyon sila, nan movèz jesyon peyi a. Lè nou ap gade tè Dessalines nan ke nou souyè pa avaris.
Nou pa janm satisfè menm lé gòzye ranpli ap jete nan ramase toujou, anba je popilasyon an ki pa janm konnen, ki sa byenèt vle di. Pa gen dlo, pa gen kouran, pa gen wout, pa gen latrin nou tout aryè peyi a, yon ti plan men.
Mas pèp fèt nan grangou, li leve nan grangou e lap mouri nan grangou, se yon wont li te dwe ye pou nou tout, lè je etranje a, ap benyen sou mizè nou, e li menm tout ap profite de sitiasyon kraz e mizerab la, pou li fè kòb sou dò yo.
Diferans la two evidan, li paka kontinye konsa fok sa chanje.
Jan nou pati la' nan 2115, nap toujou gen blan, ki ap la pou dikte nou kondwit nou toujou, si se pa kareman nap disparèt kom pèp.
Yon rayi lòt, nou refize separe, gen yon kap vini lap pran tout.
Lè map swi konpòtman nou, mwen trouve nou lèd anpil, souvan mwen mande, si nou pa kont wont.
Lè nou ap manje sou frè ak sè nou yo, ki imen tankou nou. Soufrans moun pa di nou anyen.
Lè yon pèp rive nan eta densousians sa'a, li pa yon nasyon, li pèdi tout trip li.
Nou se yon pèp san vi, nou pa gen idantite, se yon bann moun ki pataje yon bout tè, menm jan noua bite twadwi sans patriotik nou.
Chak ap preche pou pawas yo, kolektivite a pa di nou preskanyen.
Nou bezwen yon lidè jodia, tankou :
Etienne Elie Gerin ; Nicolas Géfrad ; Etienne Magny ; Boisrond Tonnerre ; Toussaint Louverture ; Jean Jacques Dessalines ; Alexandre Pétion ; Henry Christophe ; François Capois (La mort) Louis Daure Lamatinière ; Louis Laurent Bazelais ; Marion ; Henry Christophe ;
Moun ki te nan dimansyon pou yo te wè peyi.
Divizyon, avaris, fè nou ap pase peyi nou an anba pye tout fatra.
Eleksyon nan yon peyi se yon bagay ki lye ak souverènte l, ki sa, kite gentan genla, pou nou pat fè yo gro sansibilizasyon nasyonal angaje popilasyon an.
Tout etidian yo tap patisipe. ki sa kite gentan gen la’a, pou yo pat enprime bilten yo nan peyi ya, se yon machin ke yon vann.
Rega obsèvatè vle di nou pa moun, nou se yon kategori a pa, fok yo siveye nou, se mesaj sa’a nou voye bay etranje yo, yo konnen envitew lakay yo pou mandew èd. Yo sivilize e nou se bèt. Nou janm mande tèt nou koman yo gade nou.
Men yon jou, nan jou, ap gen yon vrè lidè ki ap emèje, li ap pote la pè e inion san demagoji, san kraze brize e nou tout va rekomanse renmen peyi nou. Move zangui yo va kalme, paske nan linion an yap pèdi règn yo.
Yon jou, nan jou, foumi va pote nouvèl ban mwen, Ayiti va fleri ankò.
Nou paka di viv lè nap prone divizyon, hèn, krim.
Nou paka di viv lè nap kraze eritaj, sa ki gen pou vini yo.
Nou paka di viv paske yon, pa renmen lòt e se nou tout ki fè Ayiti.

Nyrvah Florens Bruno

https://www.facebook.com/photo.php?fbid=10152984493021806&set=a.59856086805.81484.723001805&type=1&theater

10 mwa nan tèt Meri Kwadèboukè

Pandan m' 10 mwa mwen pase nan tèt administrasyon Meri Kwadèboukè, mwen mete 6 pompe dlo, nan diferan kwen 
Mwen etabli yon biwo èd pou jistis, konsa pwoteje krisyen yo ke yap volè tè ak bèt yo, e ap sibi tou jan denjistis.
Mwen pwezante atelye sou elevaj pwason ou mannyè pou louvri je sou yon lòt sistèm explwatasyon nan domèn agrikilti yon plis pou ekonomi krisyen yo.
Mwen sipòte fanm ki pi devavorize yo. Mwen pase nan legliz remèt  a plisyè pastè sètifika de 500 goud  pou manman ki gen plis nesesite yo.
Mwen soutni fanmi ki pi pòv yo nan anpil domèn : manje, medikaman, lojman.
Mwen fè distributions liv fomasyon, roman pou tout laj, diksyonè, benefisyè yo sete ti moun, ekolye, jèn, direktè lekol e profesè.
Mwen te envite yon ofisyèl ameriken rantre nan komin nan, Senatè an fonksyon Mesye Gary Siplin, li te bay yon seminè sou nesesite respè  lwa yo, nan yon sistèm demokratik.
Anplis de sa nou travay ansanm sou yon programm Pop’s ke li mete nan Eta Floride la, ki peye ekolye ki nan aprantisaj tout sòt ou byen ki nan staj. Yon progrann ke enstitisyon li an, tap peye. (1000 jèn o travay) program nan toujou an atant de swivi.
Mwen fe pentire tout kò legliz la ki dabitid se fas la yo konnen pentire e avan post kare, kalvè ak yon pati nan plas
Mwen te arive kenbe administrasyon an ak anpil mizè, yon sistèm ki koronpi e refraktè ak tout chanjman.
Meri kwadèboukè te pase nan Top 10, ak yon resèt 43 milyon goud kip ase a pou 61 milyon goud. 
Mwen te realize pou premye fwa Kanaval nan Sant Vil  la, plis ke 4,000 moun te patisipe.
Mwen vizite e rankontre krisyen nan tout 10 seksyon kominal la
Nan kad fomasyon nou te mete fòs sou elvaj pwason e sou konesans dwaw moun e responsabilite sitoyen.
Mwen mennen yon politik pou mwen te rekipere jèn yo e konsa desann ensekirite ya.
Mwen rankontre anpil pèsonalite sou plisyen domèn: edikasyon, ensekirite, anploi, sante.
Sheriff Jerry L. Demings of Orange Country Orlando
Juliana Pena Program Coordination (Office of Economic trade & Tourism Development
Graciela Noriega Jacoby, Chief of Staff
Dr. Francoeur Cadet, DO, MPH, Medical director
Bakari F. Burns, MPH, MBA
Chief Executive Officer
Senateur Gary Siplin,
(Programme Pop’s)
Barbara B. Newton,
Chief Executive Officer. (Programme Pop’s)
Veysel Kayabasi, (KIMSE YOK MU), yon Oganizasyon  aprè plisyè chita pale remèt ak komin Kwadèboukè direksyon  yon lopital an don ki nan Sant Vli la.
Heiner Rosendahl Chief of civil Affairs (a.i) MINUSTAH
Swit a yon demand pou Meri a repon ak administrasyon l, li te remèt  yon machin pou fè kopi (Xerox).
Men sa kite soti nan rankont sa yo ki malerezman mwen ka fè swivi yo, malgre mwen te ofri èd mwen ak nouvèl administrasyon an. Nan yon vizyon Kwadèboukè DABò

1.   2 otobis yon pou sante dan lòt la pou sant an jeneral
2.   Yon lòt rankont avek Cheriff J. L. Demings ki te previ pou 21 Octòb 2015 (Konbat ensekirite)
3.   Echanje profesè 12 profesè key o te mande m ki pout e ale bay fomasyon (echanj kiltirèl) jumlaj e materyèl pou fomasyon.
4.   Kamyon pompye, anbilans e kamyon pou ramase fatra
5.   Program Pop’s 1000 jèn nan apranti metye ou an staj ak jwen salè yo nan kap program sila.
Malgre mwen te ap travay  nan yon sitiyasyon difisil anpil e menasan, mwen te toujou bay pwezans yon fwa ou 2 fwa nan semèn avan jou,  akonpaye avek polisye nan komin nan pou netoye trotwa yo e fè moun yo leve sou kote komisaria.
Se yon responsabilte pataje : polisye yo dwe  veye moun ki ap jete fatra nan la ri. Majistra yo dwe fè bale la ri a, SMCRS dwe vini ramase fatra ke majistra yo bale a
Se te yon tranzisyon, mwen ta renmen fè plis ke sa, men sitiyasyon an pat fasil e pat gen anken sipò.
Mwen se krisyènn, pitit Kwadèboukè, rèv mwen se wè  Kwadeboukè, tankou yon ti Miami
 www.kwadebouke.blogspot.com

Journée internationale des enfants 10 juin 2012

Chanjman’an se pa pawol, se aksyion.

TÈT KALE TÈT KOLE. FOK SA CHANJE NAN KWADÈBOUKÈ

Chanjman vle di, koupe ak tradyion an ki makonen nou an, travay ansam pou ameliore tout bon vre la vi nou.
Pou chanjman ateri se men nan mem, pou sa fèt.
Pot la ouvè pou tout moun ki kwè nan kamion chanjman’an pou peyi nou avanse , Kew se kasek ou Asek ou byen ou ta vle vini yon sitoyen ki responsab devlopman nan seksyion ou ap viv la, kom Asek ou kasek.
Ansam nap bati peyi nou

Ranpli form sa nap kominike avèw paske ckak sitoyen konte

Kasek
Asek
Nom
Prénom
Section kominal
Adwès
Tel. :
DI NOU POU KI SA OU VLE VINI ANSAM AVEK NOU TÈT KALE TÈT KOLE TRAVAY NAN KOMIN NAN

POUVWA’A SE POU PÈP LA
Tel. : 3821 4693
KWADEBOUKE@GMAIL.COM
Nou kwè, nou vle, men pou nou rive, se ansam nou ka fèl