CROIX-DES-BOUQUETS

Nyrvah Florens BRUNO, President du Conseil Communal de la Croix-des-Bouquets , OCTOBRE 2013 à OCTOBRE 2014

mardi 10 novembre 2015

Nou rive si ba ke nou ap voye roch dèyè anbilans.

 
Nou pa gen opozisyon an Ayiti an jeneral nou gen chèf group anachik ignoran, ki deside kraze peyi a. Vle pa vle Ayiti ap vanse. Prezian Jovenel Moise preparew ou se yon gwo pèsonalite, nan espwa peyi a. Ou fè prèv lidèchip ou deja, ou fè sa Ayiti bezwen pou li vanse. Lagrikilti se fondasyon Ayiti.
Chak period eleksyon nou jwen plen kandida vini fè rara. Nou pa yon repiblik bannan'n, nou potre yon pakèt makak kapfè grimas, nou seyon won't piblik.
Nan je tout lòt peyi nou lèd, nou tèlman lèd e ava, menm trip nou, nou expoze'l san limit sèl objektif nou, se chèz boure a, menm lè nou pa gen anken kopetans ni volonte pou nou mennen peyi a anken kote. Abraham di se ase. Prezidan Michel Joseph Martelly, se yon solda ki travay anpil malgre van e mare. Li kenbe king a la ganach, malgre tout baton nou mete nan woul.
Nou ap rele volè, nou ap krye anti nasyonalis, se li ki te vann tout enstitisyon ekonomik peyi a, se konnen nou pa konnen ki es ki te vann yo, ki lague peyi sou pòm dèyèl jodia a. Teleko a se yon ekzanp vivan anko. konpayi etranje rantre nan sistèm kominikasyon peyi a, ramase a flo tout ti goud nou yo. Nou tounen yon gwo mache pou tout peyi, yon goud pa ka rete nan peyi a, se yon machin ke moun san manman yo mete pou souse peyi a, paske yo gen retonbe direk nan poch yo.
Li lè , li tan pou nou bay ti pèp la yon chans pou li viv tankou moun.
Konbyen nan nou, ki tap travay nan minoteri, nan siman Dayiti, nan teleko, nan tan dòt. Kounye a lè ou bezwen wè yon dirijan nan antrepriz sa yo,moun ki rive devan nou yo, se yon etranje.
OTAN MENZANMI!
Pèp la pa kapab ankò, fok ti pèp la ka rantre nan yon magazen pou li achete sa li bezwen pou fanmi l, fok li ka rantre nan yon sal sinema, fok li ka rantre nan yon restoran yon jou dimanch avek fanmi li, fok yon mari kapab achete yon kado pou madan m li. Si yon malere malad lanmò pi pwoch li ke la vi, se pa nomàl, FOK SA CHANJE.
LAGUE PEYI M TANDE
Prezidan Jovenel Moise pa yon aparisyon, se yon gwo potorik gason ki tap travay nan Chanm Komès ayisyenne, ki se poumon ekonomik peyi a. Jodia a li fè koken sakrifis sa'a pou li mete menm'l nan pi gwo enstans peyi a pou li patisipe nan transfomasyon peyi a avek nou tout, se sa li di.
OTAN! Ki te peyi a mache souple.
Tout moun sanse, tout moun ki swete wè peyi a jwen dignite li, di viv Jovenel Moise prezidan. Paske se li menm ki montre yon pi bèl program ki ka devlope peyi Dayiti e fè patisipe pèp la nan chanjman reèl peyi a. AGRIKILTI SE KLE POU NOU VANSE.

vendredi 6 novembre 2015

Fondation Augustin Bruno: Photos et vidéos

http://fabeduch.blogspot.com/p/photos.html
C'est avec beaucoup de peine que nous apprenons la triste nouvelle du décès d'un de nos grands ambassadeurs de notre culture, Monsieur Joe Trouillot.
Membre honorifique de la Fondation Augustin Bruno, il a toujours apporté son plein appui, Homme généreux, aimé de tout le monde il avait en lui le secret de porter le sourire derrière son micro à la première adresse à son assistance. Ce n'est qu'un au revoir. Bon voyage Joe que ton âme repose en paix


Fondation Augustin Bruno: Photos et vidéos

Journée internationale des enfants 10 juin 2012

Chanjman’an se pa pawol, se aksyion.

TÈT KALE TÈT KOLE. FOK SA CHANJE NAN KWADÈBOUKÈ

Chanjman vle di, koupe ak tradyion an ki makonen nou an, travay ansam pou ameliore tout bon vre la vi nou.
Pou chanjman ateri se men nan mem, pou sa fèt.
Pot la ouvè pou tout moun ki kwè nan kamion chanjman’an pou peyi nou avanse , Kew se kasek ou Asek ou byen ou ta vle vini yon sitoyen ki responsab devlopman nan seksyion ou ap viv la, kom Asek ou kasek.
Ansam nap bati peyi nou

Ranpli form sa nap kominike avèw paske ckak sitoyen konte

Kasek
Asek
Nom
Prénom
Section kominal
Adwès
Tel. :
DI NOU POU KI SA OU VLE VINI ANSAM AVEK NOU TÈT KALE TÈT KOLE TRAVAY NAN KOMIN NAN

POUVWA’A SE POU PÈP LA
Tel. : 3821 4693
KWADEBOUKE@GMAIL.COM
Nou kwè, nou vle, men pou nou rive, se ansam nou ka fèl