Pandan m' 10 mwa mwen
pase nan tèt administrasyon Meri Kwadèboukè, mwen mete 6 pompe dlo, nan diferan
kwen
Mwen etabli yon biwo èd pou
jistis, konsa pwoteje krisyen yo ke yap volè tè ak bèt yo, e ap sibi tou jan
denjistis.
Mwen pwezante atelye sou
elevaj pwason ou mannyè pou louvri je sou yon lòt sistèm explwatasyon nan domèn
agrikilti yon plis pou ekonomi krisyen yo.
Mwen sipòte fanm ki pi devavorize yo. Mwen pase nan legliz remèt a plisyè pastè sètifika de 500 goud pou manman ki gen plis nesesite yo.
Mwen soutni fanmi ki pi pòv
yo nan anpil domèn : manje, medikaman, lojman.
Mwen fè distributions liv
fomasyon, roman pou tout laj, diksyonè, benefisyè yo sete ti moun, ekolye, jèn,
direktè lekol e profesè.
Mwen te envite yon
ofisyèl ameriken rantre nan komin nan, Senatè an fonksyon Mesye Gary Siplin, li
te bay yon seminè sou nesesite respè lwa
yo, nan yon sistèm demokratik.
Anplis de sa nou travay
ansanm sou yon programm Pop’s ke li mete nan Eta Floride la, ki peye ekolye ki
nan aprantisaj tout sòt ou byen ki nan staj. Yon progrann ke enstitisyon li an, tap peye. (1000 jèn o travay)
program nan toujou an atant de swivi.
Mwen fe pentire tout kò
legliz la ki dabitid se fas la yo konnen pentire e avan post kare, kalvè ak yon
pati nan plas
Mwen te arive kenbe administrasyon
an ak anpil mizè, yon sistèm ki koronpi e refraktè ak tout chanjman.
Meri kwadèboukè te pase
nan Top 10, ak yon resèt 43 milyon goud kip ase a pou 61 milyon goud.
Mwen te realize pou premye fwa Kanaval nan Sant Vil la, plis ke 4,000 moun te patisipe.
Mwen vizite e rankontre krisyen nan tout 10 seksyon kominal la
Nan kad fomasyon nou te mete fòs sou elvaj pwason e sou konesans dwaw
moun e responsabilite sitoyen.
Mwen mennen yon politik pou mwen te rekipere jèn yo e konsa desann
ensekirite ya.
Mwen rankontre anpil pèsonalite sou plisyen domèn:
edikasyon, ensekirite, anploi, sante.
Sheriff Jerry L. Demings of Orange Country Orlando
Juliana Pena Program Coordination (Office of Economic trade &
Tourism Development
Graciela Noriega Jacoby, Chief of Staff
Dr. Francoeur Cadet, DO, MPH, Medical
director
Bakari F. Burns, MPH,
MBA
Chief Executive Officer
Senateur Gary Siplin,
(Programme Pop’s)
Barbara B. Newton,
Chief Executive Officer. (Programme Pop’s)
Veysel Kayabasi, (KIMSE YOK MU), yon Oganizasyon aprè plisyè chita pale remèt ak komin
Kwadèboukè direksyon yon lopital an don ki
nan Sant Vli la.
Heiner Rosendahl Chief of civil Affairs (a.i)
MINUSTAH
Swit a yon demand pou Meri a repon ak
administrasyon l, li te remèt yon machin
pou fè kopi (Xerox).
Men sa kite soti nan rankont sa yo ki malerezman
mwen ka fè swivi yo, malgre mwen te ofri èd mwen ak nouvèl administrasyon an. Nan
yon vizyon Kwadèboukè DABò
1.
2 otobis yon pou sante dan lòt la pou sant an jeneral
2. Yon lòt rankont avek Cheriff J. L. Demings ki te
previ pou 21 Octòb 2015 (Konbat ensekirite)
3. Echanje profesè 12 profesè key o te mande m ki pout
e ale bay fomasyon (echanj kiltirèl) jumlaj e materyèl pou fomasyon.
4.
Kamyon pompye, anbilans e kamyon pou ramase fatra
5. Program Pop’s 1000 jèn
nan apranti metye ou an staj ak jwen salè yo nan kap program sila.
Malgre mwen te ap travay nan yon
sitiyasyon difisil anpil e menasan, mwen te toujou bay pwezans yon fwa ou 2 fwa
nan semèn avan jou, akonpaye avek
polisye nan komin nan pou netoye trotwa yo e fè moun yo leve sou kote
komisaria.
Se yon responsabilte pataje : polisye yo dwe veye moun ki ap jete fatra nan la ri. Majistra
yo dwe fè bale la ri a, SMCRS dwe vini ramase fatra ke majistra yo bale a
Se te yon tranzisyon, mwen ta renmen fè plis ke sa, men sitiyasyon an pat fasil e pat gen anken sipò.
Mwen se krisyènn, pitit Kwadèboukè, rèv mwen se wè Kwadeboukè, tankou yon ti Miami
www.kwadebouke.blogspot.com