CROIX-DES-BOUQUETS

Nyrvah Florens BRUNO, President du Conseil Communal de la Croix-des-Bouquets , OCTOBRE 2013 à OCTOBRE 2014

lundi 1 juin 2015

FOK SA CHANJE E SE JODIA LI DWE KOMANSE


Yon van chanjman ap soufle sou Ayiti, chanjman sila yo gen 2 gwo enstitisyon ki potel. Lakou Siperyè des Kont e Konsèy Elektoral Provizwa’a, tou de se espwa peyi a, yo dwe bay peyi a, yon lò direksyon.
Mwen te apresye moman sa’a anpil ke mwen te chita tande, jijman zòm e fanm deta yo, nan Lakou Siperyè des Kont.
Mwen te reèlman edifye e mwen te kontan tou, nan manyè ke Jij yo te defan lajan kontwibiab yo.
Mwen kwè, si yo rete fidèl ak politik sa’a, kontwol sou lajan pèp la, ki ap degaje a, pap gen dout, zòm e fanm Deta yo, ap oblije bay randman e ankò yap jere administrasyon leta, avek tout disiplin-n e riguè ke job la mande.
Chita tande sa’a ankouraje-m nan travay anpil tou. Mwen ki vle pote kout men pa-m, nan devlopman peyi mwen, li montre-m chemen lespwa’a. Li tradwi pou mwen, se pa ròch map voye nan lanmè, gen yon lòt van ki ap soufle sou peyi a.
SE MOUN TOUT BON KI DWE GEN JERANS LETA,
Lakou Siperyè des Kont e Konsèy Elektoral Provizwa’a jodia, yo fè fas ak yon gran responsabilité, ki mande pou pou tout nànm yo transpire nasyonalis ke yo dwe ye a, pou repon ak viraj 90 degre ke peyi a mande a, pou li rejwen respè l.
Dilè dwog, poksenèt, domi pòv leve rich yo, moun ki gen dosye la jistis pou bat fanm, pou volè tè, pou blanchiman lajan, ou paka represante Leta.
FOK SA CHANJE E SE JODIA LI DWE KOMANSE
Fwa sa’a, ta sanble pitit tè a, ta pran konsians tout bon vre, ke Ayiti se yon peyi se pa yon savan-n.
Yon konstwi yon sosiete, li pa leve tankou dyondyon

Koodonatè nasyonal 
Mouvman Solda Ayiti Ayti Solda

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Journée internationale des enfants 10 juin 2012

Chanjman’an se pa pawol, se aksyion.

TÈT KALE TÈT KOLE. FOK SA CHANJE NAN KWADÈBOUKÈ

Chanjman vle di, koupe ak tradyion an ki makonen nou an, travay ansam pou ameliore tout bon vre la vi nou.
Pou chanjman ateri se men nan mem, pou sa fèt.
Pot la ouvè pou tout moun ki kwè nan kamion chanjman’an pou peyi nou avanse , Kew se kasek ou Asek ou byen ou ta vle vini yon sitoyen ki responsab devlopman nan seksyion ou ap viv la, kom Asek ou kasek.
Ansam nap bati peyi nou

Ranpli form sa nap kominike avèw paske ckak sitoyen konte

Kasek
Asek
Nom
Prénom
Section kominal
Adwès
Tel. :
DI NOU POU KI SA OU VLE VINI ANSAM AVEK NOU TÈT KALE TÈT KOLE TRAVAY NAN KOMIN NAN

POUVWA’A SE POU PÈP LA
Tel. : 3821 4693
KWADEBOUKE@GMAIL.COM
Nou kwè, nou vle, men pou nou rive, se ansam nou ka fèl